Google Play

83 vizitTeknolojiEnfòmatik Tès
0

Mwen ta renmen konnen fason po mwen kreye yon kont na google play

Oukaap Reponn kesyon sa
0

An reyalite se pa yon bagay ki konplike. Lè w achte yon telefòn Android tou nèf, premye fwa ou demare l oubyen si w gen yon telefòn Android men pou yon rezon ou te deside reyinisyalize l (mete l nan menm eta lè w te achte l – efase tout sa ki sou li), l’ap toujou mande w yon kont Gmail nan moman sa.

Otomatikman kont sa a ap tou sèvi pou Google Play tou.

Men, si w te sote etap sa a (ou pat mete yon kont Gmail), lè w eseye telechaje yon aplikasyon, Google Play ap mande w pou antre oswa kreye yon kont Gmail.

Kidonk, ou pa bezwen fè anyen espesyal:

  • Si w gen yon kont Gmail, sèvi avè l pou konekte nan Google Play.

  • Si w pa gen youn, kreye l lè sistèm nan mande w li.

Apre sa, ou kapab telechaje tout aplikasyon ou bezwen sou telefòn ou.

Oukaap Reponn kesyon sa
W ap gade 1 nan 1 repons yo, klike la a pou w wè tout repons yo.

Sijè yo