Tradiksyon

113 vizitLangAnglè Lang
0

Kijan ou kapab eksplike modal verbs an anglè.

Henri Claude Zephir Reponn kesyon sa
0

Mèsi pou repons ou.

Oukaap Kòmantè modifye

Sa fè nou plezi!
Si w dakò ak repons la ou ka chwazi anba a goch repons la: “rezoud”, konsa lòt moun pa bezwen reponn.
Sa ap pèmèt mwen jwenn pwen tou :).

0

Se yon bèl kesyon Henri Claude. M ap eseye ede w nan fason pa m :

Vèb modal yo (Modal verbs nan lang anglè, verbes modaux nan lang franse) se yon seri ti mo ki bay vèb prensipal la plis sans nan yon fraz nan lang anglè a. Yo pa la pou montre aksyon an (aksyon tankou: m ap manje, m ap benyen), men yo la pou montre “ki jan”, “posiblite” oswa “entansyon” moun nan genyen.

Egzanp:

  • I can swim. → Mwen kapab naje.

  • You must study. → Ou dwe etidye.

  • She should rest. → Li ta dwe repoze

Men kèk vèb modal: can, must, should, may, might, will, would.

Enpòtan:

  • Yo toujou vini avan vèb prensipal la.
  • Ni vèb modal la, ni vèb prensipal la pa pran “s” nan 3zyèm pèsòn.
  • Egzanp: He can go (yo pa di: He can goes).
  • Lè yon vèb modal akonpaye yon vèb prensipal, ou pa dwe mete “to” devan vèb prensipal la. Egzanp: He can go (yo pa di: He can to go).

Èske eksplikasyon sa ede? Nou ka kreye kèk egzèsis kap ede w konprann yo epi memorize yo si w vle sa tou – jis fè nou konnen.

Oukaap Reponn kesyon sa

Sijè yo