Kijan edelèv fonksyone ?

Dekouvri etap pa etap kijan pou w sèvi ak Edelèv 👇

1

Enskri gratis

Kreye kont ou nan kèk segonn sèlman. Apre sa, w ap kapab poze kesyon, reponn lòt moun, epi touche (resevwa) pwen pou chak aksyon itil ou fè.

2

Poze kesyon w

Ou bloke ak yon devwa, yon ekwasyon oswa yon nosyon ? Pibliye kesyon w nan matyè ki koresponn ak li. Lòt elèv yo ap kapab reponn ou.

Konsèy : Poze kesyon w klè e presi pou w ka jwenn yon bon repons rapid.

3

Ede lòt moun

Pataje konesans ou lè w reponn kesyon lòt elèv. Chak repons ki kòrèk ap fè w resevwa pwen epi amelyore klasman w.

4

Jwenn pwen ak badj

Patisipasyon w pèmèt ou debloke badj epi monte nivo. Plis ou ede, plis ou pwogrese nan kominote Edelèv la !

5

Fè pati yon kominote

Edelèv se plis pase yon sit kesyon-repons. Se yon espas pou tout elèv ann Ayiti ak lòt kote, kote youn ede lòt, youn motive lòt epi youn ede lòt reyisi.

Ou pare pou kòmanse ?

Antre nan kominote Edelèv la epi kòmanse aprann avè nou !