Kondisyon pou itilize l
Dènye mizajou : 21/10/2025
Byenvini sou Edelèv
Misyon nou se bati yon espas aprantisaj ki respèktab e ki ranpli ak konesans pou tout moun. Lè w sèvi ak Edelèv, ou aksepte kondisyon sa yo ki fèt pou garanti sekirite ak bon jan kalite echanj nan kominote a. Edelèv se yon platfòm edikatif gratis ki pèmèt elèv ak pwofesè Ayiti ak lòt kote ede youn lòt nan domèn aprantisaj yo.
Edelèv fè pati ekosistèm Oukaap la. Gen kèk lyen oswa bouton rezo sosyal (Facebook, Twitter/X, YouTube, elatriye) ki ka mennen w sou paj ofisyèl Oukaap yo. Kontni, entèraksyon ak règleman sou vi prive ki asosye ak platfòm sa yo se responsablite sit Oukaap ak pwòp règleman pa yo.
Akseptasyon kondisyon yo
Lè w kreye yon kont oswa lè w sèvi ak Edelèv, ou konfime ke :
Ou gen omwen 13 an oswa ou gen pèmisyon paran w
Ou dakò pou w respekte kondisyon sa yo
Ou pral itilize platfòm nan ak responsabilite
Itilizasyon akseptab
Ou ka :
- Poze kesyon edikatif onèt
- Bay repons ki itil e ki egzak
- Entèaji ak lòt itilizatè yo ak respè
- Siyale kontni ki pa apwopriye
- Pataje konesans ou pou ede lòt moun
Men ou pa gen dwa :
- Pibliye kontni ki ofanse moun, diskriminatwa oswa rayisab
- Pataje enfòmasyon pèsonèl lòt moun
- Kopye oswa plajye travay lòt moun
- Itilize platfòm nan pou rezon komèsyal san otorizasyon
- Kreye fo kont oswa pran idantite yon lòt moun
Kontni itilizatè yo
Responsablite w
Ou responsab tout sa w pibliye (kesyon, repons, kòmantè). Asire w li egzak, respèktab, epi li respekte kondisyon sa yo.
Lisans itilizasyon
Lè w pibliye yon kontni, ou bay Edelèv yon lisans non-eksklizif pou itilize, modifye oswa distribye li nan kad sèvis edikatif nou yo.
Moderasyon
Nou rezève dwa pou n modifye oswa efase nenpòt kontni ki pa respekte kondisyon sa yo oswa ki ka deranje kominote a.
Pwopriyete entelektyèl
Platfòm Edelèv la ak tout konsepsyon li fè pati pwopriyete nou.
Ou gen dwa sou tout kontni orijinal ou kreye.
Tanpri respekte dwa otè lè wap pataje kontni w yo.
Siyale nenpòt vyolasyon dwa pwopriyete entelektyèl.
Sanksyon ak sispansyon
Si w pa respekte kondisyon sa yo, nou ka pran mezi sa yo :
Avètisman
N ap voye notifikasyon pou konpòtman ki pa apwopriye
Restriksyon pou yon tan
Limite aksè nan kèk fonksyon
Sispansyon
Blokaj kont lan pandan yon moman
Retire pou toutan
Kont lan ap efase pou toutan
Limit responsabilite
Konsèy : Edelèv se yon espas pataj, se pa yon enstitisyon ofisyèl. Nou ankouraje w toujou verifye enfòmasyon ak repons ou jwenn yo, swa pou kont ou oswa ak pwofesè w.
- Edelèv ofri “jan l’ ye a” san okenn garanti.
- Nou pa garanti tout repons yo egzak.
- Itilizatè yo responsab pou verifye enfòmasyon yo jwenn.
- Nou pa responsab entèraksyon ant itilizatè yo.
Chanjman nan kondisyon yo
Nou ka modifye kondisyon itilizasyon sa yo nenpòt lè. Chanjman enpòtan yo ap kominike pa imèl oswa atravè notifikasyon sou platfòm nan. Lè w kontinye sèvi ak Edelèv aprè chanjman sa yo, sa vle di ou aksepte nouvo kondisyon yo.
Kesyon sou kondisyon sa yo ?
Si w gen kesyon sou kondisyon itilizasyon sa yo, kontakte nou :
Imèl : asistans@edelev.org
Adrès : Edelèv, Wanament, Ayiti
Nòt : Dokiman sa a se yon esplikasyon klè e senp sou règ Edelèv yo. Pou vèsyon legal konplè ki sèvi kòm referans ofisyèl la, tanpri konsilte vèsyon nan lang Fransè a.
Mèsi paske w fè pati kominote Edelèv la!
Ansanm, ann bati yon espas aprantisaj ki respèktab, ouvè, epi itil pou tout elèv ak pwofesè .
