Politik Konfidansyalite
Dènye mizajou : 21/10/2025
Entwodiksyon
Nan Edelèv, konfyans nan kominote nou an se pi gwo priyorite nou. Se poutèt sa nou pran angajman pou n pwoteje lavi prive w ak done pèsonèl ou. Politik sa a esplike ak tout transparans kijan nou ranmase, itilize, estoke, epi pwoteje enfòmasyon w lè w ap sèvi ak platfòm edikatif nou an.
Enfòmasyon nou ranmase
Enfòmasyon enskripsyon
Non itilizatè ak non konplè
Adrès imèl
Modpas (ankripté)
Estati (elèv oswa pwofesè)
Kontni itilizatè yo kreye
Kesyon ou poze
Repons ou bay
Kòmantè ak entèraksyon
Foto pwofil (opsyonèl)
Done itilizasyon
Adrès IP ak enfòmasyon koneksyon
Tip navigatè ak sistèm operasyon
Paj ou vizite ak tan ou pase sou platfòm nan
Entèraksyon ak kontni
Kijan nou itilize done w yo
Pou n ofri epi amelyore sèvis edikatif nou yo
Pou n pèsonalize eksperyans aprantisaj ou
Pou n fasilite echanj ant elèv ak pwofesè
Pou n kenbe sekirite epi evite abi
Pou n voye notifikasyon enpòtan
Pou n analize itilizasyon epi amelyore platfòm nan
Pataj done w yo
Nou pa janm vann done pèsonèl ou. Nou ka pataje enfòmasyon w sèlman nan ka sa yo :
Avèk konsantman w yon fason klè
Pou respekte lwa oswa obligasyon legal
Avèk founisè sèvis ki gen konfyans (tankou sèvis hosting oswa analiz)
Si ta gen fizyon oswa akizisyon konpayi
Pataj ak Redireksyon
Edelèv fè pati ekosistèm Oukaap la. Lè ou klike sou yon lyen ki mennen nan Oukaap oswa paj rezo sosyal li yo, enfòmasyon yo kolekte a trete dapre règleman sou enfòmasyon prive Oukaap la. Edelèv pa gen okenn kontwòl sou done sa yo yon fwa yo fin transfere yo sou sit ekstèn sa yo.
Sekirite done w yo
Nou mete an plas yon seri mezi sekirite teknik ak òganizasyonèl pou pwoteje done w :
Ankriptaj done sansib yo
Aksè limite sou done pèsonèl
Swivi kontinyèl sou sistèm yo
Sovgad regilye e sekirize
Dwa ou genyen
Ou gen dwa sa yo sou done pèsonèl ou :
Dwa aksè
Wè done nou kenbe sou ou
Dwa koreksyon
Korije oswa mete ajou enfòmasyon w
Dwa pou efase
Mande pou efase done w
Dwa pòtablite
Resevwa done w nan yon fòm ki fasil pou li
Cookies (Kouki) ak lòt teknoloji menm jan an
Nou itilize cookies pou amelyore eksperyans ou :
Cookies esansyèl : Pou fonksyònman sit la
Cookies pèfòmans : Pou analize itilizasyon sit la
Cookies preferans : Pou sonje chwa w yo
Kesyon sou politik sa a ?
Si w gen kesyon sou politik konfidansyalite sa a oswa si w vle egzèse dwa w yo, kontakte nou :
Imèl : asistans@edelev.com
Adrès : Edelèv, Wanament, Ayiti
Nòt : Dokiman sa a se yon esplikasyon klè e senp sou règ Edelèv yo. Pou vèsyon legal konplè ki sèvi kòm referans ofisyèl la, tanpri konsilte vèsyon nan lang Fransè a.
