Prezantasyon edelèv

✏️ Kisa yon elèv ye ?

Yon elèv se nenpòt moun k ap aprann.

Li pa oblije chita nan yon klas pou sa. Ou ka aprann nenpòt kote : lakay ou, sou yon telefòn, sou Entènèt, nan lari, oswa lè w ap pale ak lòt moun.

Depi yon moun ouvri lespri l pou l konprann yon nouvo bagay, li deja vin yon elèv.

Kidonk...

Nou tout se elèv.

Depi nou piti, nou aprann ak paran nou, pwofesè nou, ak lavi a menm.

An reyalite, nou pa janm sispann aprann — jouk nan fen lavi nou.

Misyon nou : Reyisi ansanm.

Edelèv se yon espas kote chak elèv an Ayiti ka jwenn èd — epi, an retou, ede lòt moun tou.
Se yon platfòm solidarite kote chak kesyon, chak repons, chak echanj se tankou yon wòch ki ajoute nan bilding siksè kolektif nou an.

Yon ti istwa

Nan lane 2006, yon elèv fini etid segondè li. Ane apre a, nan lane 2007, li te gen yon rèv : kreye yon espas pou ede lòt elèv prepare yo pou reyisi sitou egzamen bakaloreya yo. Premye pwojè sa a te rele “Aide Pré-Bac”.

Kòmansman yo pa t fasil, e sa te lakoz pwojè a pa fè wout li… men rèv la, li menm, pa t janm mouri.

Ane yo pase, yon lekòl fonde: oukaap, e jodi a, rèv sa a tounen reyalite : edelèv pran nesans – Oukaap akouche edelèv !

Yon espas pou aprann ansanm

Nan platfòm edelèv la ou ka :

  • 🤔 Poze kesyon lè w bloke sou yon egzèsis
  • 💡 Ede lòt moun lè w reponn kèk kesyon
  • 🏆 Genyen pwen, badj, epi vin yon moun yo rekonèt nan kominote nou an

Plis ou ede, se plis w ap aprann. Plis ou aprann, se plis ou vin fò. E ansanm, n ap bati yon jenerasyon ki gwo ponyèt ki renmen ede 💪.

Lespri edelèv

“Yon elèv se yon moun k ap aprann. Yon etidyan se yon elèv k ap aprann pou ede lòt moun aprann tou.”

Sik (wonn) sa a — aprann, pataje, grandi ansanm — se sa ki fè edelèv viv.

Poukisa edelèv egziste ?

Paske aprann se yon fòs. E lè nou pataje fòs sa a, nou chanje non sèlman pwòp lavi nou, men lavi lòt moun tou.

Edelèv, se pa sèlman yon sit, se yon mouvman aprantisaj — yon espas pou soutni youn lòt, pataje konesans, epi bay lang ak kilti kreyòl la tout valè li merite.

Ou pare pou vin jwenn nou ?

Vin jwenn yon kominote kote moun ap aprann, ap pataje, epi, ap grandi ansanm.